Johnberry Desinord 18 lane: boure avèk talan, men li pa jwen bouràd

215

01/18/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Pwovèb la di: “Anpil fwa pitit nou se yon kopi de sa nou ye kòm paran”. Se ka Johnberry Dézinord yon jèn pòdepezyen 18 lane ki, atravè enfluyans parantal ou predispozisyon jenetik li arive etale kiryozite li nan yon seri èv atistik ki trè enpresyonan.

Se nan yon ankèt evalyasyon pou enplemantasyon yon pwogram sosyàl, aktivis kominotè, Dorvil Jacquelin t’ap pràl dekouvwi nan depi ane 2021 an, yon sèvo trè jèn, yon jeni kap paweze anba soukous van dezespwa ak tibilans lavi malmakak nan yon zòn ki rele “Dè Letan”, yon katye popilè ki pran nesans sou yon nap dlo ki te egziste karant lane pase.

Johnberry ta sanble li genyen kle achitekti a nan ADN li tou natirèlman. Li esplike ke se pandan li tou piti li manifeste amou pou sa li te wè papa li ki se, Bòs Nènè te konn ap pratike kòm mason. Konsa, li oryante konviksyon li atravè kreyasyon yon seri replika mezonèt ki konstwi avèk tè e ki pi devan pràl modifye avèk itilizasyon siman.

Jèn talantye a ki devlope yon pasyon irezistib pou achtekti, pa sispan pasyone de yon parèy abilite. Malgre etid akademik li nan Kolèj Saint Jules nan vil Pòdpè, sa pa anpeche Johnberry mete an evidans savwa ak kreyativite li nan egzekite plan kay pou moun. Li esplike, echantiyon mezonèt li reyalize a, pràl fè dizyèm reyalizasyon li. Sa genyen 7 lane depi ke li te avanture’l nan yon parèy disiplin. Li rapouswiv pou esplike kòman ke li itilize tout regilasyon yo ak respè nòm konstwiksyon kay jan sa rekòmande; kòmanse sou fondasyon rive sou krepisaj, enplemantasyon tout pwensip yo vital. Resous transvèsal tankou “dèyè chajè telefòn Samsung” pou konstwi yon krèy blòk an minyati e pou fasilite mwayen pwodiksyon èv atistik yo, se bagay achitèk la mete anpil anfaz sou li.

Sitiyasyon ekonomik fanmiy Johnberry pa gaya ditou; konstwiksyon yon seri èv atistik avèk siman, se pa mens afè! Sèvi avèk yon parèy materyo de fason rapwoche, riske kreye yon seri retonbe sou sante enterese a. Konsa, tout papa bon kè kap batay pou devlopman imen ak envestiman nan jèn ki rete konsekan fàs ak yon seri deriv ou barye kap lage yo nan pèdisyon; li enperatif pou yo voye yon rega sou volonte ak talan sa yon parèy jèn ki riske pase kon van.

John ki pa chwazi fè sak pasa tankou sa yo ki antre nan debòch, bwè tafya ak aktivite malfektè! Se pandan, ap evolye nan yon anviwonnman ki kapab baskile nan labou nenpòt ki lè yon parèy enjenyozite. Li bezwen asistans tout sa yo ki kwè nan jeni ayisyen an, patikilyèman sa yo ki double de yon seri bèl talan nan Nòdwès peyi Dayiti. Pou kontak, li disponib nan: 509-321-26637 ; 509-429-20088.

Comments are closed.