OEA reyitere volonte li pou bay pwosesis elektoral peyi Dayiti a jarèt

165
1
Share:
TRiboLAND

01/05/21

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon bat bouch ke li te genyen avèk Sekretè Jeneral OEA a, Luis Almagro jodi madi 5 janvye 2021 an, minis Afè Lòt bò Dlo ak Kilt pou peyi Dayiti a, Doktè Claude Joseph konfime bonjan diskisyon te boukante sou yon seri gwo chantye, notamman pandan ane 2021 an, daprè tweet chèf Diplomasi ayisyèn nan.

Daprè minis Afè Lòt bò Dlo ak Kilt pou peyi Dayiti a, “Sekretè Jeneral òganizasyon nasyon tèt kole yo, reyitere volonte li pou bay jarèt ak pwosesis elektoral la an Ayiti. “Sekretè Jeneral la renouvle supò OEA pou pwosesis elektoral la yon fason pou renouvle pèsonèl politik la kote ke yon elu dwe ranplase Prezidan Jovenel Moise 7 fevriye 2022,” daprè sa Doktè Claude Joseph t’ap klewone.

Share:

1 comment

  1. Derick Kue 3 March, 2025 at 06:41 Reply

    I’ve been absent for a while, but now I remember why I used to love this web site. Thanks, I will try and check back more often. How frequently you update your site?

Leave a reply