Ekonimi : Mouvman pwotesyasyon yo fè gwo enpak sou ti machann yo nan Nòdwès

1,847

09-20-2022

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND)Nan jou ki sot pase yo, plizyè rejyon nan Nòdwès peyi Dayiti te anba lock; patikilyèman vil Pòdpè te konplètman paralize. Mouvman pwotesyasyon kont gouvènman defakto PHTK Ariel Henry a, gen gwo enpak sou ti machann yo. Anpil nan yo soti Senlwidinò, Ansafolè, Latòti, Lakwa Sen Josèf pou-n site sa yo sèlman vin vann: bannann, yanm, lam, fèy ak plizyè lòt legim.

Daprè entèvansyon ti machann yo ak konsta ke TRiboLAND arive fè, anpil bagay yo te pote gate : yanm yo ap pouri, fèy yo ap pouri, bannann yo ap mi fèy. Anpil lòt moun kap vann nan mache Bodmè Pòdpè a, gen gwo pwoblèm ak machandiz yo; sila yo kap vann vyann poul ki soti an Repiblik Dominikèn, vyann sa yo ap gate e menm ap degaje movèz odè.

Ti machnn yo kap vann nan mache Bodmè Pòdpè a, anba flanm solèy ap moute yon maswife akoz mouvman popilè yo. Lavi chè, ensekirite, kidnaping te deja yon gwo lo; movèz gouvènans gouvènman abolotcho Ariel Henry a vin mete apse sou klou. Sa genyen anviwon 14 mwa, peyia san Prezidan depi aprè asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse; e yon ti tan aprè Ariel Henry sou bakòp kominote entenasyonal la ap dirije peyia an mèt ak senyè.

Ti machann yo mande swadizan Premye Minis defakto a, pou rache manyòk li bay peyia blanch ak akwolit li yo kimoute gaz ki se yon pwodwi transvèsal ki vin met peyia nan plis mizè, daprè entèvansyon plizyè machan yo ki pa konnen ki sen pou yo rele.


Comments are closed.