PNH resevwà yon lacharit 15 milyon dola vèt nan men peyi Etazini

01/29/2022
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan kad pou bay jarèt ou kore batay Polis Nasyonal la kont gwoup gang ame anndan peyi Dayiti, peyi Etazini grese men peyi Dayiti ak yon magogo 15 milyon dola vèt, dapwè yon tweet ki soti vandredi 28 janvye 2022 bò kote asistan Sekretè Deta pou Zafè emisfè oksidantal la nan Depatman Deta, Brian Nichols.
Tchotcho lacharit sila ki non sèlman destine pou ranfòse efò PNH la, men tou ki pwàl fasilite yon entèvansyon kominotè yon fason pou anpeche pwopagasyon aktivite gang, toujou dapwè tweet Nichols la. Apa desa, responsab ameriken yo konte fè santi asistans yo egalman nan entwodwi ekspè anti-gang pou jete baz yon fòs entèvansyon anti-gang anndan peyi Dayiti.






