Abinader anonse yon latriye projè sèvis tren nan Sen Doming ak Santyago

10\27\20
Sen Domeng______(TRiboLAND) Prezidan Luis Abinader anonse dimanch pa seke l’ap kontinye projè Chemen Defè yo nan Gro Sen Domeng la ak nan Santyago egalman.
Aprè li te vizite Metro Sen Domeng la ak sistèm transpòtasyon piblik avèk kab pou plis pase yon èd tan, Abinader anonse li pral ajoute pi wo, 5 adisyonèl estasyon (nan liyn I) ki pral nan Villa Mella yon fason pou ka genyen sèvis tren ki kapab pran jiska 6 inite olye 3 ki deja egziste a.

Prezidan an ap anvizaje reponn egalman ak gro anbouteyaj ki toujou ap taye banda sou otowout Duarte a. Konsa, sa pral yon diplis pou kontinye ak konstriksyon sistèm machin kab yo nan Los Alcarrizos pou transpòtasyon atravè munisipalite sa ak posiblite pou genyen yon liyn chemen defè nan subdivizyon sa.






