Etazini se yon kansè : Di djàb bonjou lap manje, pa di djàb bonjou lap manje w kanmenm

2,258

09/21/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Bob C, yon jounalis selèb Radio Tele Caraib pa mete dlo nan bouch li pou li denonse peyi Etazini kòm yon fo zanmi kansè kolonyàlis kwonik ki pa sispan mete pye sou kou sou peyi Dayiti. Jounalis la pran pou egzanp yon pakèt vye pozisyon diskriminatwà ak veyelite pou toujou sakrifye Ayiti ak enpozisyon dap piyanp dotrin Monroe a.

Plis pase 30,000 Afgan jwen benediksyon Tonton Sam e fasilite yo ak kapèt wouj pou antre nan peyi Etazini, alòske pi mèyè fason administrasyon amerikènn nan rezoud pwoblèm 14,000 mil migran ayisyen ki arive ateri anba yon pon nan Del Rio nan Texas se avèk tèrè imilyasyon, diskriminasyon, racism, imilyasyon ak inegalite ki bay kè plen sou rezo sosyàl yo.

Bob C, pa kache avèk tout kouraj li mete jwèt woule m debò peyi Etazini yo toutounen. Li akize peyi Etazini kòm pi gwo antite entènasyonal ki responsab efondreman peyi Dayiti. Konsa, li envite tout ayisyen pase men nan je yo fwa sa pou yo kapab fè yo efò pou pa bay tèt yo manti nan rete kwè peyi Etazini se vrèman yon zanmi pou Ayiti.

Jounalis Super Star a, ale pi lwen pou konsidere Etazini kòm yon “zwazo mechan” ki pa vle ti peyi yo viv. Pou Bob, Etazini tèt koupe ak kansè, Ebola, Sida ak Kowona e lwà “Karma” gen pou fè chemen li e “yon parèy krim kont peyi Dayiti ap koute w trè chè”, dapwè Bob ki santi li revòlte pandan lap redi zòrèy sangwen dirijan peyi Dayiti ki nan trafik ògann, dwòg, vann timoun, kòripsyon; yon seri malpwòp ke Etazini tolere pou ka fini ak peyi a.

Dapwè Bob C, plan Etazini se detwi peyi Dayiti. Se yo ki founi gang yo zàm ki pou efondre peyi Dayiti.

Comments are closed.