Dieunord Joseph: cameraman RTVC mouri

0 467
Dieunord Joseph, cameraman RTVC

Pòtopwens___(TRiboLAND) Yon lòt kou ankò pou Radio Télévision Caraïbes, Dieunord Joseph ki te viktim de yon gwo eksplozyon kamyon sitènn ki tap transpòte petwòl Jedi pase sou wout nasyonal numewo 3, (wout 9) mouri nan lan nwit madi 5 pou mèkredi 6 Me 2020 nan Lopital Bernard Mevs.

Dieunord Joseph, apwè ke li te finn pran nan dife live sou Tele Caraibes nan moman repòtaj eksplozyon kamyon sitènn nan, te nan yon kondisyon kritik nan yon pwen responsab Direksyon Jeneral RTVC yo tap fè bwas pou fè li antre nan peyi Kiba pou swen medikal ki te kapab reponn ak bezwen li; malerezman sa pat gentan fèt nan yon moman kowonaviris rann tout vwayaj enposib.

Nap raple, nan moman ensidan an, Dieunord Joseph te akonpanye konfrè li Mackenson Rémy, jounalis RTVC ki te soti sen e sof. Ke nanm li repose ak lapè e kouraj pou pou fanmiy li ak Direksyon RTVC a.

Leave A Reply