Not Depwès: Senatè Evallière Beauplan ap mete presizyon

174
0
Share:
TRiboLAND


Lendi 21Oktòb 2019

Senatè Evallière Beauplan retire chapo pou salye tout moun Nòdwès. Li pwofite pou mande tout moun pran anpil prekosyon ak koze lis kap sikile sou rezo sosyal pou di ke Beauplan di nenpòt kisa.

Senatè a ap raple tout moun ke pozisyon l toujou piblik, li toujou monte sou radyo pou di tout sa l bezwen di. Depi se koze kremòl kap sikile sou non l pa responsabilite l. Li mande pou nou rete vijilan kont tout detraktè ki pa gen lòt misyon ke kenbe nou nan divizyon ak chire pit.

Nou pa dwe janm bliye ke se advèsè byennèt nou kap fè montaj pou mete nou dozado pou nou pa rive defann dwa nou. Atansyon, atansyon ak konplo èdmi yo ki gen entèrè divize nou pi plis chak jou. Lakay se lakay e lap toujou lakay.

Dr Evallière Beauplan, Senatè Nòdwès

Share:

Leave a reply