Yon latriye òganizasyon ki baze nan Etazini kondane plan depòtasyon gouvènman Bahamas la

Plizyè òganizasyon ki pa pwofi ap fè bwas pou mande gouvènman Bahameyen yo mete yon moratoryòm sou depòtasyon Ayisyen ki afekte nan ouwanga Dorian. Kidonk, se te Dimanch pase-a, Minis imigrasyon an, Elsworth Johnson deklare ke tout san papye ki nan abwi pwovizwa yo pwàl fè fas ak depòtasyon.
Marleine Bastien, direktè egzekitif nan Mouvman Rezo Aksyon Familyàl, yon òganizasyon ki kanpe sou bit aksyon sosyal, ekonomik, finansye ak politik otonòm nan kad bay jarèt ekonomik ak fanmiy afè pa bon yo, deklare plan pou gouvènman Bahamas rapatriye Ayisyen ilegal kite viktim ouwanga Dorian an enkonsyan.
“Nou kwè ke li enkonsyan pou gouvènman Bahamen ap planifye pou depòte moun apwè yo fenn pase nan yon kriz terib ak trajik konsa,” dapwè Madam Bastien nan yon konferans pou lapwès nan Florid ayè.
Direktris la ajoute, “Pandan nap pale la, nou gen dè milye ak dè milye moun ki toujou poko denonbwe. Moun yo twomatize. Sa se pa yon bon moman pou gouvènman Bahamas la ta depòte moun. Nou konprann ke se lwa peyi yo e yo fè pwòp lwa yo e yo ka aplike-l jan yo vle, men pozisyon pa nou kounye a, se pa nan moman sa.”
Dapwè Ajans Nasyonal pou Jesyon Ijans (NEMA), plis pase 400 moun yo toujou ki nan lis kòm moun ki disparèt yon mwa apwè tanpèt vèmenn nan.
Ayè, Bastien di, “Nou menm tou nou konprann ke yo ap vize sèlman imigran ayisyen, e nou konnen ke pandan nap pale la, nan ki sa Ayiti twouve-l jounen jodi-a. Ayiti ap benyen nan yon move kriz politik san parèy nan istwa li, kote pa gen anyen kap mache. Moun ap mouri e masak pa sispann fèt nan tout kwen peyi-a. “Se pa moman pou depòte moun an Ayiti. Se pa moman pou sible imigran sa yo ke gouvènman Bahamas la te bay garanti yo pap fè sa.”
Steve Forester nan Enstiti pou Jistis ak Demokrasi an Ayiti mande pou gouvènman Ameriken pou dekouraje depòtasyon Bahamas pwopoze yo. Li te di ke mouvman sa konfime ke se te deja plan gouvènman an pou materialize yon parèy objèktif. “Li inimajinab pou otorite Bahamas yo ta menm konsidere ak menase jan yap fè li, depòte yon seri malere viktim ouwagan Dorian yo de bwa balance, ki koulya nan abwi pwovizwa, tankou plizyè sous medya rapòte-l kelke semen apwè yo te di ke yo pap fè sa”, sa lèse kwè ke yo te deja gen plan an.
Bò kote pa li, Jack Lieberman nan 350 South Florida, yon òganizasyon kap milite pou Jistis, di aksyon sa trè iwonik pandan ke yo menm ap batay pou soumèt petisyon pou gouvènman Ameriken pèmèt viktim ouwagan bahameyen yo jwenn statis nan Etazini. Se reyèlman iwonik nan yon espas yon mwa, òganizasyon 350 te asèpte mete non li anba yon kominike ki pou egzije US akòde TPS (Temporary Protected Status) pou refije bahameyen yo, ki te enkli Ayisyen yo tou ki tap viv nan Bahamas,” li di.
“Nou te fyè pou nou te defann fwè ak sè bahameyen nou yo. Men, sa kite yon move gou nan bouch nou jodi-a pou nou wè yon mwa apwè gouvènman bahameyen an ap pwatike menm politik rasis administrasyon Trump la ke nou tap kondane! “Si nap trete ayisyen yo konsa, nou pa gen oken jistifikasyon pou nou pwoteste kont gouvènman Ameriken lè lap sere boulon bahameyen ki bezwen jistis sitou apwè ouwagan Dorian.”
Plizyè lòt òganizasyon kap defann dwa moun ak jistis sosyàl etone wè yon parèy konpòtman bò kote otorite bahameyen yo, ki pwan yon desizyon ensensib, ennimen alòske yo menm tou depann de asistans de lòt antite. “Si tout òganizasyon èd imanitè te genyen menm kè, menm santiman ak enkonsyans ke gouvènman Bahamas (koloni Angletè-a) afiche anvè ayisyen yo, se nan dòmi Bahamas tap arive rekonstwi,” dapwè yon òganizasyon relijyez ki baze nan Florid.






