Yo rele chalbarik dèyè Fednel Monchéry nan fineray majistra Kabarè-a

210
0
Share:
TRiboLAND

Fednel Monchéry, yon dirèktè jeneral Ministè Andedan ak Kolektivite Tèritoryal yo te pètibe ak pwezans li seremoni finèb pou di Majistra Kabarè-a, Msye Wills Thomas orevwa ayè Vanderdi 9 Dawou-a.

Fednel Monchéry ki tap resevwa anpil rablabla ak betiz nan men yon gwoup militant ki pa danse kole ak PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) tap mande arestasyon raketè ki ta sanble pwan plezi pou ekzekite moun pou pouvwa anplans la.

Nap raple-w sa pa gen lontan Lajistis te mete entèdiksyon depa kont Fednel ak tout yon lòt makrèl li ke anpil òganizasyon kap pwoteje dwa mount te akize kòm presume koupab Masak Lasalienn nan; yon dosye ki petèt, pi devan kapab nesesite entèvansyon tribinal entènasyonal.

Share:

Leave a reply