PÒDPÈ / JISTIS: Responsab Pakè Pòdpè yo ap eseye ranfòse sekirite Pakè-a

220
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè__(TRiboLAND) Nan dat 19 Jwiyè 2019, Pakè Tribinal Premye  Instans Pòdpè te pwan swen enfòme  tout enterese ak jistisyab patikilyèman ke se sèl avoka militan yo ki gen abilite pou repwezante oubyen asiste klyan. Avoka kap fè pwatik ap kapab jwenn aksè sèlman si li genyen yon manda bò kote Kabinè Avoka yo ke li fè pati.

Pakè tribinal-la pwofite pou-l raple Avoka yo ak tout jistisyab yo ke yo entèdi tout mouvman pote zàm anndan espas Palè Jistis-la (Lakou-a, Sal odyans lan, Kare Komisè Gouvènman-an avèk lòt Sibtiti Gouvènman yo. Dispozitif say o  anvizaje se jis pou asire sekirite jistisyab y oak tout Avoka yo yon fason pou evite deriv ak skandal ki kapab debouche sou rale zàm.

Konsa, kopi kominike sa ki soti bò kote KG, Me Bellamin Volney JEAN, te ale jwenn tout antite sa yo tankou: Dwayen TRI, Batonye Lòd Avoka yo, Minis Jistis ak Sekirite Piblik, Dirèktè Afè Jidisyè, Chèf Kabinè Minis-la, Dirètè Depatmantal PNH-la.

Share:

Leave a reply