Si ou padone moun, lòt moun ap kapab padone-w tou!

0 460

“Chak moun nan vi sa genyen yon moun ki fè yo yon bagay ki pa bon”. Lè yon moun blese nou, nou vle blese yo tou. Konsa, nap viv avèk kolè anndan nou, nan panse nou e nou pwèt pou ta vanje. Nou ta renmen wè moun sa soufwi tou; nou vle yo santi egzakteman menm sa nou santi-a tou. Nou definitivman vle yo konnen ke nou pap kite sa pase konsa; fòk yo peye pou sa yo fè-a. Men, yo pa arive peye pou sa yo fè-a si tout fwa ou kite se kolè ou ki pwan kontwòl ou. O kontrè, yo koze-w plis domaj!

Konsa tou, lè van-an chanje, nou fè erè tou. Nou fè tò oubyen blese lòt moun e nou menm arive ap poze kesyon pouki sa yo pa vle padone nou tou. Petèt gen yon moun ke nou te chwazi pa padone!

An jeneral, padone yon moun toujou ede nou rann tèt nou lib kont tout doulè tan pase yo e ede nou deplase odela de tout erè nou kapab komèt a lavni. Nou resevwa sa nou bay! Lè ou padone, padon toujou chita la ap tan ou nenpòt ki lè ou bezwen-l.

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply