LEOGANN: Yon biznisman krible asasine anndan lakay li yèswa

0 329

LEOGANN__(TRiboLAND) Mercilien Saint-Vil se non yon biznisman ki mouri asasine anba bal bandi yè swa ki te 10 Jwiyè nan Leogann. Krim sa arive fèt ekzakteman anndan lakay victim nan dapwè enfòmasyon yo.

Endividi sa yo ki te ame e ke moun pat kapab idantifye debake nan Ri Libète, yon katye nan Site Anakaona, krible anba bal komèsan byen koni-a ki se Mercilien, yon papa 4 timoun. Bandi yo komèt krim sa ak tout san fwa yo e san oken panik.

Fòk nou sinyale, Mercilien Saint-Vil se te dirèkte e pwopwiyetè Morbile Borlette nan Leogann, depatman Lwès.

Leave A Reply