Mezanmi Oh! Ayiti pa kapab ankò non!

0 307

PÒDPÈ__(TRiboLAND) Lavichè, grangou, mizè ak ensekirite se sa ki karakterize peyi Dayiti jounen jodi-a. Moun ap pleyen toupatou ap mande ki kote peyi sa-a pwale. Feblès, enkonpetans, skandal ak kòripsyon se zam pouvwa anplas-la pou ede peyi al tonbe nan falèz. Pouvwa otoritè ak enstitisyon pa kanpe sou anyen; konsa, pèp pa nad marinad lè otorite eli sa yo pale ou byen vle fè egzekite la lwa.

Reveran Pastè Chelet Norelien

Antouka, espèktak oubyen dram mounn ap viv nan peyi-a, fwete pwèske chak jou endinyasyon ak òguèy yon pakèt sitwayen tankou Reveran Pastè Chelet Norelien ki fè eta de divès problem kap brase bil peyi-a. Leader legliz evanjelik Baptiste tabernacle la plenitude la rele amwe nan tèt dirijan yo ki fè lasoud orèy fas a kri yon pèp ki ajenou nan extrèm povwete, san asistans sosyàl, san enfwastrikti tout kalite, san edikasyon, san sekirite, san espwa, san pale nasyonal, san jistis, san paleman, e sanble pi devan nou pwal san egzekitif.

Pastè Norelien lanse yon apel bay palmantè yo pou yo bay peyi-a yon chans e fè pwèv de bon egzanp pou jenerasyon kap vini an; yon jenerasyon ki gen pou ranplase yo e jije yo demen. Lidè espirityèl-la rete kwè ke dialòg ant ayisyen ak ayisyen konsekan se yonn nan meyè mwayen pou retire Ayiti nan bafon fatra ke li ye la. Franchman, pran ti kal konsyans! Peyi-a pa gen souf ki rete; li pa kapab ankò!

Jehrbson PETIT, TRiboLAND

Leave A Reply