Ayiti: Ki kriminèl ki mete nou nan salte sa?

- Ki sa ki esplike fon Petwokaribe-a disparèt anba men yon pakèt atoufè ki pa menm gen kapasite pou inisye yon pwojè sosyàl serye. Konsa, li pa nesesè pou etranje-a ede otorite say o ki fini ak manmèl bèf la. Genyen yon pakèt dirijan ayisyen ki reyèlman ap fè mounn anbarase nan rès monn lan. Yo te mèt te jwenn twa ka milya ki nan monn lan; yo pa genyen fakilte pou konpwann ki sa yon peyi ye, pou nou pa di jere milya!
- Pou ki sa kantite moun ki pa konnen li ak ekri tou jou ap vinn pi kritik. Eske mouveman alfabetizyasyon se afè leta sèlman, ou byen pati politik, ou byen jounalis, oubyen legliz, oubyen sitwayen angaje.
- Ki lè nap arive wè tout pati politik mete tèt yo ansanm pou yo paralyze peyi-a ak yon mouvman alfabetizasyon.
- Ki lè nap ka arive wè yon ti minimòm moun ki gen yon ti kal karaktè toujou arive gen kouraj pou denonse chèf deta, senate, depite, majistra, jij, biznismann kòronpi, pastè ak pwèt, defansè dwadlòm, politisyen, minis, premye minis ki gen men yon tranpe nan efondreman Ayiti.
- Majorite dirijan oubyen otorie eli ayisyen yo pa janm enterese nan zafè peyi; dayè yo pat dwe nan pozisyon sa; e yo pa konn sa yo rele “PEYI”. Li ok pou yo ap kontinye resevwa diplomat, etranje nan yon palè rezidansyèl tou kraze ki repwezante yon wont nasyonal.
- Ki sa ki esplike pa janm genyen yon seri mezi pou devlopman desantralize fèt nan pwovens yo yon fason pou ta redwi chomaj. Li ok pou yo ap kontinye irite moun nan gagòt gaspiyaj ak depans tèt mato nan yon seri ti pwojè bidon pou kalme zònn defavorize yo. Tèlman nou san vizyon e san bon sans, gen otorite ki kwè se nan ti pla cho ak ti sachè manje yo pa bezwen nan lòt peyi ki ka kouvri peche, krim, abi, enjistis ke yo komèt sou pèp sa depi digdantan. Bezwen de baz yon èt umen ale pi pi lwen ke sa! Kenbe yon moun nan yon mizè konstan ak yon ti plat manje kapab genyen konsekans trajik; jou li wè klè e li pa jwenn ti plat manje kap rine dinyite-l la se ou menm lap fini pa manje kòm opresè kè di-a.
- Pwogram sa yo pa lòt bagay sinon se yon seri ti refleksyon limite ak inisyativ elemantè (Ti manman cheri, ti papa doudou, ti bebe lala ki trè anfantiyaj) e ki montre a ki nivo edikasyon ye nan peyi-a e li ede lòt moun wè kòman nou konpwann “la notion pays”. E trè souvan, pwogram swadizan apèzman sosyal san strikti sa yo pa menm ka delivwe onivo katye pou nou pa di peyi.
- Ki sa ki anpeche lidè nou ye chita ansanm pou fè peyi. Non! Sa ka sèlman arive fèt lakay vwazen an ki ta sanble ke yo plis genyen yon fakilte pou yo panse kòm moun fòme ki respekte peyi yo ak sitwayen yo. Petèt se paske yo entelijan ase pou yo reyalize ke sekrè devlopman anpil lòt peyi li tou senpleman chita sou refòm ak valorizasyon edikasyon (egzanp: Rwanda ak Sengapou, Kore Disid….)
- Yon aktik tris soti sou Ayiti semenn sa. Yon ONG ap mande supò pou yon seri ti chyen ki apènn fèt. Yo mande èd lajan pou wè kòman yo kapab fè yon leve de fon pou frete yon avyon vinn chèche apepwè 22 ti chyen swadizan vi yo menase paske moun nan peyi-a pa ka jwenn manje alòske chyen ap jwenn manje. Etranje sa yo ki afilye ak yon òfelina ta sanble plis vle sove chyen yo; e jounalis la ta sanble vle souzantan ke moun ki nan mizè yo ta sanble anpeche menm chyen manje. Konsa, yo vle touye tout chyen yo. Me yon lòt prèv ankò ki montre ke lakay definitivman efondre. Referans: Curtis Wackerle, Aspen Daily News Staff Writer
- Ki sa ki pèmèt yon chèf deta fè graze yon lame alòske li genyen yon lòt eta lènmi sou kote-l. Eske pat gen posibilite pou redwi efèktiv la pandan l-ap restriktire-l ak novo enrole. Sa se pa bagay peyi ki tap regle! Se bagay, “Si je peux, je veux” ki tap regle!
- Ki sa ki anpeche yon chèf deta wè li fòmèlman enposib pou fasilite oubyen asèpte yon bato dechè toxik debake sou tèritwa-l pou ti kòb anba tab. Alòske pwodwi chimik sa yo ki gen radyasyon a pwal extèmine pi devan yon pakèt sitwayen. Sa yo se ensufizans edikasyon.
- Ki sa ki esplike yon chèf deta konplote ak etranje pou mete anbago sou pwòp pèp lakay li. Sa se ensufizans “savoir”.
- Ki sa ki esplike yon pèp ki nan malsité arive eli yon imoral oubyen yon manyak kòm chèf deta. Karans edikasyon.
- Ki sa ki esplike moun kap piye peyi-a prefere ouvè biznis lakay vwazen tankou supè makèt, klinik, lopital, ak anpil lòt… Ankò yon fwa absans edikasyon.
- Ki sa ki anpeche yon leta responsab pwan mezi ki apwopriye lè yon lòt leta voye pwodwi ki kontamine sou tèritwa-l.
- Ki sa ki anpeche leta asiste jènn ki gen degoutans pou peyi riske vi yo pou chèche lavi lòt kote. Absans edikasyon.
- Ki sa ki bay yon lidè politik ki te nan yon pakèt jwuisans palmantè e ki pa ta dwe menm reve laprezidans, arive desann e chanje yon drapo peyi. Sa se inyorans!
- Ki sa ki esplike fòtinn yon senate ou depite posede komplètman dimil fwa pa reflete eskanp figi zònn li reprezente a. Bourik konte chwal galonnen!
- Ki sa ki anpeche yon dirijan serye debarase koulwa leta de tout yon seri de vye rat fini ki pa fè lòt bagay ke kenbe statuskwo-a anfavè yo. Yo tout mete nou nan sa nou ye la. Yo pa genyen anyen serye yo kapab fè pou resisite peyi. Okontrè, yo benefisye nominasyon sou tout gouvènman e yo konnen trè byen kòman pou yo pwomote kòripsyon. Si ou gade yon seri nominasyon ki fèt onivo premye minis, minis, sekretè deta, direktè se toujou moun ki nan koulwa leta kòripsyon an ke yo nome pa arête pwezidansyèl. Majorite nan yo mete nou nan sa nou ye la. Alòske gen jènn ki pi fòme e ki gen visyon ak konpetans modènn ke moun wè nan lòt peyi. Konsa, yon refòm sistematik ki anglobe jènn ak yon patisipasyon jeni ayisyen an nan diaspora-a ta sanble se sèl zèl kat ki petèt espwa popilasyon kriminèl yo ap terorize yo!
- Ki sa ki anpeche yon senatè oubyen yon depite konpwann li pa ka itilize pouvwa ke li genyen pou lwe leta yon pakèt machinn lokasyon pou senate ak depite arezon de $200 chak jou. Sa se efondreman leta!
- Ki sa ki anpeche yon chèf deta respekte karaktè li, lè li pa kapab bay esplikasyon sou soupson magogo lajan li depoze nan bank Swis. Mwen plis kwè se mètdam!
- Ki sa ki anpeche envestigasyon fèt sou trafik zàm ak dwòg andan peyi-a. Petèt gen anpil gwo chabwak kap benyen ladan yo!
- Ki sa ki anpeche yo jije sou plas piblik moun ki anleve vi moun ak fè gagòt nan kès leta. Petèt yo ladan-l tou!
- Ki sa ki anpeche Lepèp pouse do pouvwa Lejislativ initil e destriktè sa-a kap komèt krim (dwòg, gang, abi pouvwa, injistis, imoralite, reselè, detounman fon) kont popilasyon-a.
- Ki sa ki anpeche anpil nan polisye nou yo prefere vann jounen pou bay sekirite prive olye ke yo travay pou leta.
- Jous ki lè pouvwa lejislativ Lahont-la ap sispann efondre peyi-a nan Lahont, nan enpidisite, nan salte anba zye lemonn.
Jacob Bendallham






