Peterson Francois: Yon jènn ayisyen ki fè fyète ras li lòt bò dlo

0 418

FLORID (Triboland)__Peterson Francois, se non yon jèn Ayisyen ki genyen yon narativ trè enteresan:  li soti nan dòmi nan machenn pou-l rive pwofesè inivèsitè; se yon pakou ki reyèlman fè fyète ras ayisyen an. Kontrèman a kèk lòt jènn ki arive pèdi pye nan sistèm kapitalis la, Mesye Francois te kite Ayiti nan lide pou jwenn yon ti alonj pou viv yon vi desan tankou nenpòt ki lòt moun ta dwe viv.

Francois, nan pwosesis akiltirasyon an, te fè fas ak anpil bwimad. Menm jan ak tout sa ki rive anpil lòt imigran, li pase anpil e travèse yon pakèt obstak ke moun pa espere jwenn nan peyi Etazini. Sependan, mònn pwoblematik sa yo pi devan pwal konvèti sou fòm twou ki chaje ak experyans ki pwal itil e ran entegrasyon an pi adaptab oubyen dijestiv.

Francois fè prèv de yon echantiyon avèti ki ap vann yon apwòch pwatik ki chita sou yon reyalite veki ak yon narativ chanjman pèsonèl. Li genyen yon pwi de konesans ki repati nan dives disiplinn. Kòmanse ak Kòdonye jis rive sou ekriven. Businessman nan ekri plizyè liv ki fè pale de yo anpil, pami yo genyen “Inspiration”. Anpil moun konsidere liv siksè sa yo kòm sewòm oubyen yon seri enstriman ki trè efikas nan kad envesman, biznis entènasyonal, trading, chanje lavi, supase advèsite e tout sa ki kapab anpeche yon moun demare ou byen kata.

This image has an empty alt attribute; its file name is inspirations-by-Peterson-Francois-1.jpg

Youn nan liv Francois yo onore plis pase 15 fwa pa yon seri gwo òganizasyon prestijye; 2 fwa onore kòm otè ganyan pri liv ki pi distengue nan New York; expoze e apwouve par American Library Association; etale kòm mèyè liv ki nan tòp (top entry) nan  Fwa Entènasyonal pou Liv 2017 nan Frankfut nan Almaynn. Mesye Francois, reyèlman se yon sous enspirasyon pou anpil etidyan e lèktè

Motivatè-a kwè, genyen yon entèdependans ant motivation avèk aksyon sèvo yon moun. Konsa, nou genyen predominans pou kòmande sèvo-a nenpòt ki fason nou kapab. Tande Peterson Francois nan yon interview ak Triboland Media Network.

Leave A Reply