Jamaik:Yo fizye yon Entrenè Box nan yon gym nan Kingston

02-23-2019
Jamaik___(Triboland) Otorite lokal nan Kingston konfime fiziyad e lanmò Entrenè box Christopher Brown Mèkredi pase nan maten apwè ke yo te jwenn li krible anba balnan “Fit Farm Fitness Club” sou Braemar Aveni nan St Andrew, New Kingston. Brown te entrenè boxè Sakima Mullings.
Depatman Kominikasyon ansanm ak Depatman Zam peyi Jamaik konfime lanmò entrenè a, men poko ka bay twòp detay sou otè krim nan. Polis Envèstigatè yo kontinye ap fè bwass avèk ankèt yo.
Boxè pwa lou mwayen an, Sakima Mullings, yon 2 fwa chanpyon an tit, tap maniganse yon konplo ki vize pou li te vi-n yon chanpyon an tit mondyal nan pwochen ane yo. Sependan, doktè te revele li menm tout genyen yon (pigmantosa retinitis) pwoblem retine, yon kondisyon ereditè ki afekte retine zye goch li, e ki fè zyel sansib nan lumyè.
Antouka, genyen anpilkontwovès sou lanmò Brown, yon eveneman ki afèkte lig nasyonal box la nan Jamaik.
Triboland.com






