Sauveur Dargenson, anpil moun konnen sou non Ton Bibi, mouri nan Pòdpè

99
0
Share:

11/28/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Sauveur Dargenson, anpil moun konnen sou non Ton Bibi, rann dènye souf li jodi samdi 28 novanm 2026 la, aprè plizyè ane ap lite ak yon maladi. Ant prezans li nan aktivite foutbòl ak travay li nan Meri Pòdpè, Ton Bibi te rive tounen yon pèsonalite byen koni nan Site Kapwa Lamò a, e menm nan plizyè lòt zòn nan depatman Nòdwès la. Disparisyon li make yon nouvo paj tristès nan mitan popilasyon pòdepèzyèn nan.

Depi plizyè ane, Ton Bibi t ap fè fas ak gwo pwoblèm sante ki te gen rapò ak maladi sik. Maladi sa a te lakòz li pèdi toude pye li, anplis li te vin avèg. Malgre tout difikilte sa yo ak anpil efò li te fè pou kontinye kenbe fèm devan maladi a, li finalman pa rive reziste. Lanmò li kite dèyè anpil souvni lakay moun ki te konnen li, sitou moun ki te konn kwaze wout li nan divès aktivite li te konn patisipe ladan yo.

Nan mitan anpil souvni popilasyon an ap konsève sou Ton Bibi, gen kout klakson li te konn bay nan divès katye nan vil la pou avèti moun yo lè machin fatra Mèri a ap pase. Yon abitid ki te fè anpil moun rekonèt prezans li byen fasil. Jodi a, vwa ak kout klakson sa yo ap rete nan memwa anpil Pòdepèzyen kòm yon pati nan lavi chak jou yo. Popilasyon an ap salye depa yon figi ki te make lavi kominotè vil la. Ale anpè, Ton Bibi!

Share:

Leave a reply