Otorite konpetant yo nan vil Tigwav pran dispozitif pou anpeche bandi kriminèl Viv Ansanm vin kache nan komin nan.

102
0
Share:
TRiboLAND

11 – 28 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisè gouvènman ai pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Danilo Valès, nan tèt kole avèk komisè polis la, Herard Joseph, lameri ak direktè APN lan, Wilken Dicette fè konnen tout dispozisyon deja pran pou anpeche bandi kriminèl viv ansanm yo kite zòn Metwopolitèn Pòtopwens lan pou tante vin kache nan komin Tigwav.

Chèf pakè Tigwav la, mèt Danilo deklare genyen plizyè prezime bandi ki deja jwen arestasyon yo sou waf Tigwav la nan tante antre nan vil la. CG an presize ke yo pliske detèmine pou fouye pasajè k’ap desan’n bato ki soti nan lakou Pòtopwens. Li esplike yo vewouye tout vil la notamman waf la; menm nan yon seri pwen bandi kapab ateri nan bwa fouye; tout perimèt sa yo vewouye nan lide pou bare lawout ak gang Viv Ansanm yo ki konnnen yo kapab vin sere kò yo nan komin nan.

Administratè pakè a, ankouraje popilasyon pou denonse tout moun yo estime ki ta sispèk nan diferan katye yo. Li egzòte yo pou yo pa fè lakay yo tounen kachèt pou sere bandi; pandan l presize depi lapolis ta rankontre yon bandi kriminèl ki sere lakay moun; reselè a, ap pran mènm sò ak malveyan yo.

Yon lòt kote, komisè gouvènman ai pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Danilo Valès prevwa mete yon antèn lapolis sou waf Tigwav la, yon fason pou genyen sèvis siveyans ak landjèz an pèmanans. Yon parèy dispozitif ap kapab fasilite lapolis akonpanye popilasyon epi pèmèt yo fè travay yo san twòp gwo difikilte.

Share:

Leave a reply