Aksidan sikilasyon nan 2èm seksyon kominal Tigwav : yon moun mouri e 6 lòt blese.

104
0
Share:
TRiboLAND

11 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Yon moun mouri epi 6 lòt blese gravman grav, nan yon aksidan sikilasyon ki fèt sou wout Nasyonal nimewo 2 a, jodi mèkredi 25 novanm 2026 la, nan lokalite Kipèlye, 2èm seksyon kominal Tigwav.

Aksidan sila rive pwodwi, nan moman yon pickup koulè ble ki te chaje ak pasajè t’ap pran direksyon Miragwan al frape nan dèyè yon gwo kamyon ki t’ap transpòte yon latriye gwo bout sak ak plizyè lòt djanni ki tap soti sou Waf Tigwav la pou antre nan kapital la, Pòtopwens.

Elas, jij depè nan premyè seksyon Vyalè te pwosede ak konsta legal kadav yon fanm te blayiak 2 pye devan nan sèn aksidan ki okazyone 6 lòt moun blese gravman grav. Se konsa, yo te oblije bwit sou kou, transpòte blese yo nan lopital jeneral Nòtredam Tigwav la, pou swen ka yo nesesite.

Share:

Leave a reply