Lapolis Nasyonal Dayiti nan depatman Grandans peyi a, mete anba kòd yon prezime manm gang Viv Ansanm.

5
0
Share:
TRiboLAND

11 – 23 – 2026

Jeremi, Ayiti ____(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti nan depatman Grandans peyi a, mare kou krab yon pwezime manm gang ki rele Wenchilove Joseph nan komin Ansdeno jounen dimanch 22 novanm 2026 lan.

Selon enfòmasyon yo, Wenchilove Joseph t’ap dirije yon zòn ki rele Jakonen nan Dwouya, li te 2èm chèf gang dèyèdo Prince Mackendy, li te toujou abitye rete toutouni ak 9 milimèt sou li. Manm pwezime gang kriminèl Viv Ansanm nan genyen 5 mwa depi li sove kouri al kache nan komin Ansdeno, touswit aprè lanmò bòs li, Prince Mackendy.

Share:

Leave a reply