Jistis an Ayiti: CSPJ remèt sètifika bay 71 nouvo jij de pè apre twa mwa fòmasyon

11/20/2026
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) remèt, jodi jedi 19 novanm 2026 la, sètifika bay 71 avoka ki te reyisi nan konkou rekritman pou vin jij de pè, apre yo fin swiv yon fòmasyon pandan twa mwa. Inisyativ sa a antre nan kad efò k ap fèt pou ranfòse sistèm jidisyè ayisyen an, atravè fòmasyon ak preparasyon nouvo Majistra ki pral gen responsablite pou patisipe nan administrasyon jistis nan peyi a.
Remiz sètifika sa a make yon lòt etap nan pwosesis fòmasyon nouvo Majistra sa yo, ki sot pase plizyè mwa ap resevwa konesans ak zouti nesesè pou yo kapab antre nan fonksyon yo. Se yon demach ki vize prepare yo pou egzèse responsablite jidisyè yo nan respè prensip legal yo, pandan sistèm jistis la ap fè fas ak divès difikilte, sitou mank pèsonèl jidisyè nan plizyè jiridiksyon nan peyi a.
Pandan seremoni sa a, anpil espwa chita sou entegrasyon rapid 71 nouvo jij de pè sa yo nan divès tribinal nan peyi a. Plizyè moun swete nominasyon ak enstalasyon yo pa pran anpil tan, yon fason pou tribinal ki gen lontan depi y ap fonksyone ak yon kantite jij limite kapab jwenn ranfòsman. Entegrasyon nouvo majistra sa yo ta kapab kontribye nan amelyore fonksyònman tribinal yo epi fasilite aksè sitwayen yo nan sèvis jistis.






