Jounen entènasyonal dwa timoun yo: Fondasyon « Zanmi Timoun » distribiye 105 kit bay minè nan CERMICOL

60
0
Share:
TRiboLAND

11/20/2026

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kad komemorasyon Jounen entènasyonal dwa timoun yo, ki selebre chak 20 novanm, Fondasyon « Zanmi Timoun » pote yon kout men bay anviwon 105 timoun ki nan Sant Reyedikasyon pou Minè ki an Konfli ak Lalwa (CERMICOL). Inisyativ sa a dewoule jodi jedi 19 novanm 2026 la, yon jou anvan dat entènasyonal sa a, kote plizyè aktivite ap òganize atravè mond lan pou raple enpòtans pwoteksyon ak respè dwa timoun yo.

Daprè Kerby Saint Jean, inisyativ sa a pran nesans nan yon volonte pou montre timoun sa yo, malgre sitiyasyon yo ap travèse, rete enpòtan nan sosyete a. Li souliye nesesite pou chak timoun jwenn konsiderasyon, afeksyon ak akonpayman, san diskriminasyon. Distribisyon anviwon 105 kit sa yo reprezante yon jès solidarite ki vize pote yon ti lajwa bay minè sa yo, pandan l ap raple yo, yo pa dwe santi sosyete a abandone yo.

Atravè aksyon sa a, Fondasyon « Zanmi Timoun » voye yon mesaj ki chita sou respè diyite timoun yo ak nesesite pou bay yo yon dezyèm chans. Nan okazyon Jounen entènasyonal dwa timoun yo, inisyativ la raple responsablite kolektif Leta, òganizasyon sosyal ak sitwayen yo genyen pou pwoteje timoun yo, akonpaye yo epi kreye kondisyon pou yo kapab reprann plas yo nan sosyete a kòm sitwayen demen.

Share:

Leave a reply