NÒDÈS | JISTIS : Me Dieuny Méus enstale kòm jij depè sipleyan nan komin Ferye

11/19/2026
Ferye, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan objektif pou ranfòse fonksyònman sistèm jidisyè a nan komin Ferye, depatman Nòdès, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) pran dispozisyon pou transfere yon nouvo majistra nan tribinal depè komin nan, ki t ap fonksyone ak yon sèl jij depi yon bon bout tan. Se konsa, jodi jedi 19 novanm 2026 la, Me Dieuny Méus prete sèman epi enstale ofisyèlman kòm jij depè sipleyan nan Ferye. Nouvo majistra a gen anviwon 19 lane eksperyans nan sistèm jidisyè a, kote li te deja egzèse fonksyon jij depè sipleyan nan tribinal depè Akil-Samdi a.
Seremoni prestasyon sèman an dewoule nan sal odyans tribinal la, nan prezans otorite lapolis ak lajistis, reprezantan òganizasyon dwa moun, manm fanmi majistra a, ajan Brigad Sekirite Zòn Pwoteje yo (BSAP), ansanm ak divès reprezantan sosyete sivil la. Nan diskou sikonstans li, Me Dieuny Méus renouvle angajman li pou sèvi kominote Ferye a avèk moralite, enpasyalite, sajès, entegrite ak devouman. Li fè konnen li vle kontribye nan pwomosyon yon lajistis ki aksesib, ekitab, san patipri ni favoritism, pandan l ap travay an kolaborasyon ak otorite lokal yo. « Responsablite mwen se kontribye nan yon lajistis ki fyab e ekilibre, ki chita sou respè lalwa ak egalite dwa, epi rann jistis bay moun ki gen rezon », se deklarasyon majistra a.
Gras ak eksperyans li ak konesans li akimile pandan 19 lane nan tribinal depè Akil-Samdi a, Me Méus di li detèmine pou mete konpetans li ak kapasite li nan sèvis popilasyon Férrier la. Enstalasyon nouvo majistra a reprezante yon etap nan efò pou ranfòse kapasite tribinal depè komin nan, sitou nan yon moman kote enstitisyon an t ap konfwonte difikilte akoz kantite majistra ki te limite. Li rete pou wè nan ki mezi nouvo prezans sa a pral kontribye nan amelyore sèvis jidisyè yo epi ranfòse konfyans sitwayen yo nan sistèm lajistis la.






