Etazini : Vòl pawezaj yo ap reprann timidman atravè peyi Etazini apwè yon gwo pwoblèm kominikasyon sou baz kontwòl trafik ayeryen an

33
0
Share:
TRiboLAND

Etazini____(TRiboLAND) Sèvis administrasyon federal avyasyon amerikèn anonse repriz vòl pawezaj yo ki te nan pasaj apwè entèdiksyon dekolaj yo nan tout ra kwen peyi Etazini.

Sekretè ameriken pou depatman transpòtasyon te envoke yon pwoblèm kominikasyon ki te afekte yon seri sant rejyonal ki kontwole trafik ayeryen ki oryante tout avyon de yon ayewopò a yon lòt. Pi lwen, responsab sèvis transpò a pwesize, ke yo pa genyen oken endikasyon jiska pwezan ki ta lèse konprann ke se yon zak malfetè ki ta dèyè yon parèy deranjman nan nivo kominikasyon.

Plizyè avyon nasyonal ou entènasyonal deja jwen otorizasyon amerikèn pou vole; tankou sa yo ki ap pran direksyon pou Alaska avèk Awayi.

Nap raple, yon parèy sitiyasyon raple menm kad figi a, lòske kle sistèm enfòmatikvòl Federation Administrasyon Ayewopò (FAA) nan peyi Etazini te konnen yon seri malèz operasyonèl nan mwa janvye 2023 ak nan moman atanta 11 septanm 2011 lan.

Share:

Leave a reply