Nouvèl Altènativ Popilè nan Pòtopwens, reklame demisyon PM Alix Didier Fils-Aimé nan tèt peyi a.

11 – 11 – 2026
Pòtopwens, Ayiti ____ (TRiboLAND) Responsab yo nan òganizasyon Nouvèl Altènativ Popilè nan Pòtopwens, nan yon konferans yo òganize madi 10 novanm 2026 lan, reklame demisyon premye minis toupisan an Alix Didier Fils-Aimé ak tout Konsèy elektoral pwovizwa a (KEP) nan tèt peyi a.
Selon responsab yo nan òganizasyon sila, bilan negatif PM Fils-Aimé a, merilan pa rapò ak sa li te defini kòm misyon li fas ak responsabilite li nan fonksyonnman peyi a. Konsa, NAP reyalize ke PM lan pa arive ateri e menm ta manke pase swaf bezwen peyi a menm a 10 pousan.
Nan sans sa, responsab NAP yo estime ke PM lan pa onore pwomès li, nan sa ki genyen pou wè avèk restorasyon sekirite, debloke tout wout gang yo akapare, fè deplase yo retounen lakay yo san tèt fè mal, epi òganize eleksyon pou dote peyi a yon prezidan lejitim nan transparans san jwèt kòken ak mètdam. Angwo, PM Fils-Aimé ak tout lòt reselè initil yo, pa asiste tiraj. Yo pa arive reponn ak atant popilasyon an; konsa, yo dwe rache mayòk yo e bay tè a blanch!
Peyi a pa kapab kontinye ap fonksyone sou ba direksyon enkonpetans nan tout nivo!






