Lapolis nan Nò peyi a, sezi nan komin Obòy yon kagezon pwodwi bwiganday.

56
0
Share:
TRiboLAND

11 – 10 – 2026

Obòy, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan komin Obòy, depatman Nò peyi a, nan tèt kole avèk ajan UDMO, BLTS, Gadkòt epi SDPJ rive sezi yon kagezon pwodwi bwiganday jodi madi 10 novanm 2026 lan, nan kad yon operasyon yo mennen sou dlo sale.

Selon enfòmasyon ke TRiboLAND.com ta arive boske, fòs lòd yo rapòte, pwodwi bwiganday yo te kache nan anviwon 27 bwat katon yon fason pou te twonpe vijilans fòs lòd yo. Antouka, akote latriye bwàt yo, ajan lapolis yo arive sezi yon chaloup ki te genyen yon motè abò li; sepandan, lapolis pa fè oken’n arestasyon paske daprè yo, moun ki t’ap transpòte machandiz yo, te mete van nan vrèl yo.

Share:

Leave a reply