Sèvis resous zimèn Lopital Sentantwann Jeremi onore direktè ekzekitif la, doktè Dady Montinord pou bon travay ke l realize pandan pasaj li nan tèt bwat medikal la.

221
0
Share:
TRiboLAND

11 – 07 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TriboLAND) Pou temwaye byenfè doktè Dady Montinord kòm direktè ekzekitif sòtan lopital depatmantal Grandans lan, Sentantwann nan Jeremi, sèvis resous zimèn remèt ansyen direktè ekzekitif la yon plak donè. Yon ak senbolik ki tradwi nivo rekonesans travay enfwastrikti sanitè administratè a reyalize pandan onz mwa nan tèt enstitisyon an.

Daprè deklarasyon responsab yo sou administrasyon doktè Montinord, genyen plis pasyan ki arive frekante lopital la; konsa, sa ogmante resèt enstitisyon an. To mòtalite enfantin konplètman diminye, aloske genyen mwens fanm ki arive fè fos kouch nan moman akouchman. Responsab yo revele egalman efikasite sèvis ijans lan ki fasilite kapasite ak ranfòseman priz an chaj malad yo ak sa yo ki souvan aksidante.

Kidonk, pou anpil moun nan kominote a, lopital Sentantwann Jeremi fè yon gwo pèt avèk transfè yon kad enpòtan nan nivo doktè Dady Montinord, ki te non sèlman direktè ekzekitif, men se yon pwofesyonèl medikal ki te fasilite bon fonksyonnman inite jinekolojik.

Antouka, sitwayen yo konpwann sakrifis doktè Dady Montinord fè pou pèmèt popilasyon Grandans lan benefisye swen sante ki se yon dwa pou chak sitwayen.

Share:

Leave a reply