Sovèlele (Nayib Bukele) adrese li ak pèp ayisyen an, yèswa madi 3 novanm 2026 la

155
0
Share:
TRiboLAND

11/04/2026

TRiboLAND_ Nan yon nòt li poste sou kont X li yè madi swa 3 novanm 2026 la, Pwezidan Nayib Bukele alyas Sovèlele pou popilasyon ayisyèn ki tonbe anba agoni gang depi plizyè lane, adrese li ak pèp ayisyen an, e raple yo ke Jan Jak Desalinn, Liberatè ou Fondatè peyi Dayiti te mouri akoz trayizon nan antouraj li ou pwòp san li.

Sovèlele ale pi lwen pou li di, pou li di menm sa yo ki te fè tèt avèk Desalinn, sa yo ki te pale menm langaj tankou li, men ki pat pataje menm kwayans ou pwensip avèk li, se trèt ke yo te ye e yo tap chèche yon seri avantaj pèsonèl ki ta pral plonje peyi Dayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.

Trèt ou Konze sa yo toujou egziste nan peyi Dayiti. Yo la e yo se eritye menm trèt sa yo ki te asasinen Desalinn e detwi tout gwo akonplisman li te reyalize. Anpil nan yo se manm gang yo ye, genyen lòt ki nan finase gang e apwovizyone yo ak zam e yo detèmine pou fè tout kalite bagay pou anpeche pèp ayisyen an arive genyen libète li.

Wi, se vre anpil etranje plonje Ayiti, men anpil ayisyen fè menm bagay la tou. Yo kolabore avèk etranje, itilize zam, vann dwòg, kontwole ou defini pwòp tèritwa yo, e kenbe popilasyon an anba soufwans ke pèsòn moun pa kapab imajine.

Eske nou panse ke etranje sa yo t’ap arive fè tout bagay sa yo san èd ayisyen chòche sa yo? Ki moun ki bann nou zam yo? Ki moun kap touye moun ki pwòch nou yo? Ki moun kap pran kay nou ak tout sa nou posede, se pa menm bandi sangwen sa yo ki te touye Anperè a?

Nou kapab ede ou jwenn lapè ou avèk yo; sepandan nou pa yon advèsè pou ou. Nou se menm pèp nan menm dimansyon kouraj. Nou dwe kanpe debou, e pran kontwòl kominote nou, e mete anba kòd ou netralize sa yo kap fè nou manje dan anba kalamite soufrans sa yo.

Se nan kan ou nou ye e nou bò kote ou. Nou detèmine pou nou ede ou rekipere peyi ou ki anba grif trèt yo ki te trayi Jan Jak Desalinn. Konsa, Ayiti ap finalman libere!

Share:

Leave a reply