Yon group moun nan Jeremi manifeste jounen 29 Oktob 2026 lan pou soutni kandidati Jean Ernest Muscadin .

55
0
Share:
TRiboLAND

10 – 29 – 2026

Jeremi, Ayiti____(iboLAND) Yo te plizyè dizènn patizan, senpatizan pwòch komisè Jean Ernest Muscadin joumen jedi 29 oktob 2026 lan manifeste jounen jedi 12 Oktòb la nan vil Jeremi an siy solidarite ak Jean Ernest Muscadin nan moman l te akonpanye ekip politik li pou fè depozisyon pyès li yo nan yonn nan biwo elektoral depatmantal Lwès la kòm kandida pou pòs prezidan peyi Dayiti.

Ansanm moun sila yo ki te genyen mayo koulè mov ak slogan “Fòs Chanjman, nou ka alèz lakay nou” sou yo, te afiche sipòtè enkondisyonèl yo bay Muscadin, te pakouri divès ri nan Jeremi sou gro dispozitif sekirite lapolis. Konsa, yo te voye bonjan penga bay otorite anplas yo, ki oblije fasilite yon pwosesis elektoral fyab ak transpans san jwèt mètdam ak woule’m debò.

Share:

Leave a reply