GONAYIV : YON TÈRIB AKSIDAN SOU WOUT BYENNAK FÈ SENK MOUN MOURI, PAMI YO TWA TIMOUN AK ELÈV

243
0
Share:
TRiboLAND

10/23/2026

Gonayiv, Ayiti______(TRiboLAND) Grav aksidan sikilasyon sou wout Byennak la, nan vil Gonayiv, nan depatman Latibonit, jodi vandredi 23 oktòb 2026 la. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, de motosiklèt te fè kolizyon pandan yo t ap transpòte timoun lekòl. Bilan pwovizwa ki rapòte a fè konnen senk moun pèdi lavi yo nan trajedi sa a, pami yo yon timoun ki gen anviwon 3 lane, de elèv NS4 ak de chofè motosiklèt yo.

Daprè temwayaj moun ki te sou plas, aksidan an te lakòz blesi grav sou plizyè viktim. Youn nan elèv filo yo ta sibi yon blesi grav nan je li. Malgre efò pou mennen viktim yo lopital, enfòmasyon ki rapòte yo fè konnen senk moun pa t rive chape anba lanmò. Sepandan, detay sou sikonstans egzak aksidan an ak idantite viktim yo poko disponib nan enfòmasyon nou resevwa yo.

Aksidan sa a relanse deba sou sekirite wout nan Gonayiv, sitou sou konpòtman kèk chofè motosiklèt ak fason yo transpòte timoun lekòl. Plizyè moun denonse sa yo konsidere kòm enpridans kèk chofè epi lanse yon apèl bay paran yo pou yo pran plis prekosyon lè y ap voye pitit yo lekòl, sitou lè se lòt moun ki pral transpòte yo. Pandan kominote a ap fè fas ak nouvèl trajedi sa a, nesesite pou respekte kòd wout la, kondwi avèk pridans epi pwoteje lavi timoun yo rete yon gwo priyorite.

Share:

Leave a reply