Okap : Majistra Vreus Micardo lanse operasyon kont moto ki gen mòflè k ap fè bri nan lari a

125
0
Share:
TRiboLAND

10/14/2026

Okap, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèri Okap lanse yon operasyon pou sezi motosiklèt ki ekipe ak monflè modifye k ap pwodwi gwo bri nan lari a. Operasyon sa a, ki fèt sou lòd majistra Vreus Micardo, vize mete yon fren nan nwizans sonò motosiklèt sa yo lakòz nan vil la. Daprè mezi otorite minisipal yo pran an, li entèdi pou motosiklèt sikile ak monflè ki fè bri twòp, yon pratik ki deranje trankilite ak lavi chak jou popilasyon an.

Majistra Vreus Micardo fè konnen motosiklèt otorite yo sezi yo ap rete anba kontwòl Meri a. Pou mèt yo kapab rekipere motosiklèt yo, yo dwe prezante yon monflè nòmal ki pa pwodwi bri twòp. San yo pa respekte kondisyon sa a, yo riske pèdi motosiklèt yo. Majistra a esplike bri motosiklèt sa yo lakòz la, deranje fonksyònman lekòl yo, anpeche moun dòmi epi afekte trankilite sitwayen yo, pami lòt konsekans li genyen sou lavi nan komin nan.

Inisyativ sa a jwenn aplodisman plizyè moun nan popilasyon an, ki wè operasyon an kòm yon mezi ki kapab ede diminye polisyon sonò epi fè respè pou trankilite piblik la respekte.

Share:

Leave a reply