Fidèl katolik yo nan Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Kleren pa kontan pou fason kire pawas Tigwav la, selebre santenè Chapèl Sen Franswa Dasiz lan.

284
0
Share:
TRiboLAND

10 – 08 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Kretyen katolik yo rankontre laprès pou denonse epi kritike fason yo di kire pawas Tigwav la, Boniface Senat selebre santenè Chapèl Sen Franswa Dasiz ki twouve li nan Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Kleren.

Fidèl yo ki di, kire pawas la apèn rive nan legliz la, li rantre sou lotèl la san li pa pran kontak ak pèson moun, ni direktè, ni komite òganizasyon ak ni koral; alòske yo te genyen yon pwogram ki te rich pou kire a te respekte. Fidèl fè konnen, pè Boniface Senat pa menm pran yon ti tan pou onore ansyen moun yo ki te sèvi Chapèl la ki pa sou tè a ankò.

Kretyen katolik yo fè konnen, olye pè Bonifas te respekte pwogram fèt la; li pat chwazi preche amoni, tèt ansanm nan mitan kominote a, li te pwefere pwograme yon pè ki rele Delmas pou vin choute sou fidèl yo, detrese bò tèt komite òganizasyonèl santenè a.

Manm legliz yo rapouswiv pou de ke yo te fè anpil efò pou selebwe yon santenè an gran panpan ki tap satisfè tout tout moun; malerezman yon 100 lane egzistans ki pase nan machwè gonfle ak bouch pa gou.

Anpil nan fidèl yo pat mete dlo nan bouch yo pou kritike egalman kire pawas Tigwav la, Boniface Senat yo presize ki pa fè oken demach bò kote otorite relijez ki piwo yo, pou rive rekonstwi Chapèl Sen Franswa Dasiz ki te kraze depi lè pasaj tranbleman tè 12 janvye 2010 pase a.

Nap siyale, kretyen katolik voye gwo kout chapo bay reveran pè Savio yo di ki te byen akonpanye yo depi komansman selebrasyon santenè a, nan maryaj, kominyon ak batèm. Yo fè konnen si te pè Savio ki te selebre 100 tenè a, tout moun tap satisfè san pwoblèm.

Share:

Leave a reply