SOS sitwayen yo bay Lamèri Pòdpe pou yon kamyon ki reprezante gwo danje sou Ri Benito Sylvain, zòn Mòn Opè

169
0
Share:
TRiboLAND

10/07/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Plizyè sitwayen nan vil Pòdpe lanse yon SOS bay otorite minisipal yo konsènan yon kamyon ki anpàn depi plizyè jou nan Ri Benito Sylvain, anba pye Mòn Opè, nan direksyon monte a. Dapre temwayaj sitwayen yo, pozisyon kamyon an reprezante yon gwo danje pou moun k ap sikile sou wout la, sitou nan lè lekòl ap antre ak lè lekòl lage, kote sikilasyon an vin pi entans.

Sitiyasyon an lakòz anpil enkyetid ak kè sote nan mitan popilasyon an, sitou paran, elèv ak lòt moun k ap itilize wout la chak jou. Sitwayen yo fè konnen plizyè aksidan prèske rive deja akoz prezans kamyon an nan zòn nan, sa ki ogmante krent pou yon trajedi ki ta ka rive nenpòt moman, sitou pandan lè gen anpil moun sou wout la.

Devan risk sa a, sitwayen yo mande Lamèri Pòdpe pou pran dispozisyon ijan epi fè tout dilijans nesesè pou retire kamyon an nan wout la. Yo estime yon entèvansyon rapid ta kapab evite yon aksidan grav epi garanti plis sekirite pou elèv, paran, chofè, pyeton ak tout lòt moun k ap itilize Ri Benito Sylvain.

Share:

Leave a reply