Kandida pwezidansyèl Jude Célestin ak tout ansyèn diplomat ayisyèn nan Santiago, Judith Exavier fache plis ke dominiken yo, kont dènye deklarasyon chouchou cheri atakan ayisyen an, Wilson Isidor

322
0
Share:
TRiboLAND

Jimmy Elinor

Menm jan ak yon seri politisyen tradisyonèl e ki toujou pran defans lòt peyi ke peyi lakay yo, Jude Célestin, ansyen kandida pwezidansyèl echwe ou epwize, pat pran tan pou te pran pozisyon li fas ak dènye deklarasyon atakan enpekab seleksyon nasyonal Dayiti a aprè viktwa 4-1 sou ekip dominikèn lan yè jedi 1 oktòb 2026 la.

Jude Célestin, menm jan avèk ansyèn diplomat ayisyèn Judith Exavier nan Santiago, ki te genyen yon gwo dosye machin dwòg sou tèt li, antre nan senmèt kare Wilson Isidor pou kadre li fas ak yon parèy deklarasyon “Isi a, se Ispanyola, se Ayiti”. Konsa, Exavier ki ta sanble bliye ke li pa genyen yon pouvwa diplomatik ankò, te menm ale pi lwen pou mande sanksyon ou sispansyon kont entènasyonal ayisyen an; pou kèk kritik, yon parèy pozisyon ekspwime veleyite yon soumisyon fidèl anvè kolon ènnmi Dayiti.

Nan ka pa Jude Célestin, ki ta sanble bliye pase li nan yon seri dosye louch ki ta genyen pou wè avèk ekipman travo piblik kòm byen Leta, anpil moun sou rezo a estime ke li te pweferab ke li fèmen bouch li, olye pou li te afiche yon konpòtman ekstrèm ki vize tòchonnen ou blese karaktè yon pitit otantik peyi Dayiti ki ta sanble ofwi ou itil peyi Dayiti 10,000 fwa plis ke yon parèy politichyen rejton ki se yon veritab koli anbara ou kò flotan ki bay repinyans nan desann ayisyen opwofi etranje ki se veritab ènnmi peyi Jan Jak Desalinn lan.

Antouka, kandida mal entansyon Jude Célestin ak ansyen diplomat Judith Exavier, ta sanble jwenn avèk bouchon yo sou rezo sosyàl yo, kote yon latriye moun pa sispann klase yo kòm avangadis ki soufwi nostalji esklavaj e ki pwofite nenpòt ki okazyon pou defann san gade dèyè enterè yo genyen nan vann ak efondre Ayiti pou satisfè mèt yo.

Jude ak tout Judith ta plis sanble yo estomake pou fason ekip ayisyèn lan jifle ekip dominikèn lan. Yon eskò 4-1; se nòmal pou yon chaplèt konsa, leve plim sou do tout fo ayisyen ou dominiken anba chal. Ou ka imajine ki sitwayen ke yon seri politichyen kapab vann, si yo ta arive pwezidan nan tèt peyi a! Kote ki fè yo mal la, se pa pou li ke yo kriye!

Antouka Célestin, menm jan ou te di li pou Wilson Isidor; yon ti liv istwa ; n ap di w tou si ou pa janm enfòme, si w pa edike e si w pa janm louvre menm yo ti liv “Jewografi” ou “Ti Malice aux pays des lettres”, al konsilte yon seri ajans metwolojik nan peyi Etazini, patikilyèman NOAA, ou w ap wè yo toujou fè referans ak Ispanyola lè yo ap fè pwediksyon sou Ayiti nan tan siklonik.

Nap raple, piblikasyon malveyan Judes Célestin ak tout Judith Exavier, pa menm genyen anndan yo, menm yon ti nòt felisitasyon pou seleksyon nasyonal la sou match la; sinon ke yon seri kout fwèt “Konze” ki pou diminye efò ak kouraj Grenadye yo!

Jimmy Elinor

Share:

Leave a reply