Kòporasyon jounalis Tigwav resevwa fòmasyon sou etik ak verifikasyon enfòmmasyon.

108
0
Share:
TRiboLAND

09 – 27 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Kòporasyon jounalis Tigwav resevwa 2 jounen fòmasyon soti samdi 26 pou rive dimanch 27 septanm 2026 lan, sou kesyon etik ak verifikasyon enfòmasyon nan lekòl EFACAP nan vil la.

Se jounalis Hadiany Oximable Saint Fleur ki te anime seri seyans fòmasyon yo, li te pataje konesans li ak jounalis yo sou tewori ak pratik sou verifikasyon fè yo, rechèch verite, objektivite, enpasyalite, respè dwa moun , deli deprès ak konesans pwofesyonèl.

Toutfwa, nan fen seri seyans fòmasyon yo, fòmatris la, madam Hadiany Oximable Saint – Fleur te distribiye dokiman bay patisipan yo k’ap itil yo nan kad pratik pwofesyonèl yo.

Antretan, jounalis patisipan yo bò pa yo, felisite madam Hadiany Oximable Saint – Fleur pou seri seyans fòmasyon sila yok e yo pran avèk anpil konsiderasyon. Jounalis yo ki di yo satisfè, rete kwè seri fòmasyon sila yo, pral sèvi yo nan egzèsis pwofesyon an pibyen ; nan kad misyon yo genyen pou fòme ak enfòme popilasyon nan zafè enfòmasyon nan tan reyèl.

Share:

Leave a reply