Yon kamyon gaz ranvèse sou RN1 anba Piyat : popilasyon an pran gwo risk pou ranmase gaz

109
0
Share:
TRiboLAND

09/23/2026
Akil, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon kamyon ki t ap transpòte gaz ranvèse nan zòn Anba Piyat, yon lokalite ki chita sou Route Nationale #1, nan awondisman Akil di Nò, aprè midi madi 22 septanm lan. Ensidan an ta rive akoz move kondisyon wout la, sitou nan peryòd sa a kote lapli ak degradasyon wout la kapab rann sikilasyon an pi difisil. Pa gen moun ki rapòte viktim nan aksidan an, men gaz kamyon an t ap transpòte a te koule sou wout la, sa ki te kreye yon sitiyasyon ki kapab reprezante gwo danje pou moun ki te nan zòn nan.

Plizyè sitwayen kritike konpòtman kèk abitan lokalite a ki, olye yo te pran distans ak kamyon an, te pwoche pou ranmase gaz ki te koule a. Yo raple gwo ensidan ki te rive Okap la nan yon sitiyasyon ki sanble, kote yon gwo dife te eklate epi plizyè moun te pèdi lavi yo. Daprè sitwayen yo, yon aksidan ki enplike yon kamyon gaz pa dwe konsidere kòm yon opòtinite pou moun vin ranmase gaz, men kòm yon sitiyasyon ijans ki mande distans, vijilans ak entèvansyon rapid otorite konpetan yo. Genyen moun ki estime se absans leta, absans gouvènabilite ak edikasyon ki fè sitwayen yo ta oblije ekspoze tèt yo nan yon parèy danje infènal.

Fas ak sitiyasyon sa a, sitwayen yo mande otorite yo pran responsablite yo pou amelyore kondisyon tronson wout sa a, mete mezi sekirite apwopriye epi anpeche yon trajedi rive. Yo estime si otorite yo pa aji rapidman, sitou sou pati wout ki pi andomaje yo, risk pou aksidan repete ap toujou prezan. Yo lanse yon apèl bay popilasyon an tou pou evite pwoche bò kote kamyon ki transpòte pwodwi ki flanmab, sitou lè gen flit oswa gaz ki deja koule.

Share:

Leave a reply