Direktè jeneral ministè sante piblik ak popilasyon an, Gabriel Timothé vizite lopital Sentantwann Jeremi nan kad dosye anlèvman ti bebe a.

141
0
Share:
TRiboLAND

09 – 17- 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè anlèvman ti bebe a nan lopital Sentantwànn Jeremi jounen ki te 03 septanm 2026 lan, direktè jeneral ministè sante piblik ak popilasyon an, doktè Gabriel Timothé fè yon vizit ofsyèl nan Jeremi.

Nan kad vizit sila, doktè Gabriel egzije otorite administratif yo nan lopital Sentantwànn, otorite jidisyè ak tout polisyè yo pou fè limyè davanj sou ka anlèvman ti bebe a, ki se pitit yon manman 16 lane te bay nesans nan matènite lopital Sentantwann lan nan Jeremi.

Nap raple pou dosye anlèvman bebe a, direktè administratif la, doktè Dady Montinord te mete sou pye yon komisyon ankèt administratif ki te pou al travay nan tèt kole ak lapolis e lajistis yon fason pou chèche idantifye tradwi an jistis tout malfektè ki enplike deprè kou delwen nan anlèvman ti bebe a.

Tandiske bò kote sèvis depatmantal polis jidisyè a nan Jeremi (SDPJ), deja arete twa ajan sekirite e odisyone twa enfimyè responsab matènite lopital la ki dwe disponib pou lapolis ak lajistis.

Share:

Leave a reply