Jean Charles Peeterson se yon ajan BSAP yo akize ki touye anba bal yon jènn gason nan zonn Bèkye nan Jeremi

09 – 10 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon ajan BSAP ki rele Jean Charles Peeterson akize kòm moun ki touye ak plizyè bal yon jènn gason ki rele Jean ensi koni swit ak yon diskisyon. Viktim nan resevwa plizye katouch malgre tentativ ki te fèt bò kote pwòch li yo pou te mennen’l lopital ,demach yo te an ven akòz li tap bay anpil san.
Selon enfòmasyon ke TRiboLAND arive jwen, Jean arive pèdi lavi li nan moman li apenn sot konpoze nan NS4.
Nap fè remake pandan jou sa yo ajan brigad sekirite espas pwoteje yo nan Grandans, menm jan ak ajan polis nasyonal la, vinn trè sansib nan manyen gachèt zam yo. Konsa, yo deja touye anpil jènn gason ki nan altèkasyon avèk yo.
Nan ka prezime kriminèl Peeterson Jean Charles, koupab la tap tante mete van nan vwèl li. Vijilans lapolis arive poze lapat sou li; aprè odisyon sèvis depatmantal polis jidisyè a nan Grandans, l’ap genyen pou defere bay pakè Jeremi.






