Leta Ayisyen atravè minis edikasyon Nasyonal, enplante Inivèsite Piblik Lwès nan rejyon Gwavyèn nan.

68
0
Share:
TRiboLAND

08 – 17 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Minis ediksyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonnèl la, Vijonèt Déméro, akeyi Samdi 15 dawout 2026 lan, nan lise Faustin Soulouqque Tigwav, PM defakto Alix Didier Fils-Aime ki te akonpaye avèk kèk manm nan gouvènman defakto, nan kad enplatasyon Inivèsiti Piblik Lwès nan rejyon gwavyèn nan.

Yon seremoni ki dewoule an prezans divès pèsonlite politik ak sivil, pami yo alatèt konsèy kominal Tigwav la, Fedner Admirable Hilaire, komisè polis Herard Joseph, komisè gouvènman pakè jiridiksyon an, Danilo Vales, rektè Inivèsite Gransid la, Edouard Jules, vis delege depatmantal edikasyon Lwès la, Maguin Déméro, delege arondisman Leyogan lan, Jonas Bertrand, notè Louis Frantz Baptista, e direktè lise Faustin Soulouque mèt Laverture elatriye.

Minis edikasyon Nasyonal la, mesye Vijonet Déméro, nan diskou li nan okazyon an, li deklare Inivèsite Piblik Lwès la, vin enplante nan Tigwav kap desèvi jèn yo nan rejyon Dèpal. Se pa yon nouvo Inivèsite Piblik Lwès, se kontinite leta nan zafè Inivèsite depatmantal. Li fè konnen premye Inivèsite depatmantal Lwès la te keye sou ansyen minis edikasyon Gabriel Bien-Aimé, ansyen minis Paul Antoine Bien-Aimé answit ansyen minis ediksyon Nasyonal Jacques Edouard Alexis.

Minis Déméro ki presize depi lè li rive nan tèt ministè a, li di, li ran’n li kont leta Ayisyen genyen twa (3) grand ekòl:
1è) Lekòl Nasyonal jewoloji aplike (ENGA) ; 2èm) Lekòl Nasyonal siperyè teknoloji (ENST); 3èm) Lekòl sant fòmasyon ensèyman fondamantal (SFEF). Pou minis la, 3 gran enstitisyon sa yo pa genyen ni bidjè, ni lokal ak adrès.

Nap siyale, minis ediksyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonnèl la, Vijonèt Déméro deklare Inivèsite Piblik Lwès la, pa la pou fòme avoka, enfimye ak medsen; objektif li, se fòme jewològ, pwofesè pou lekòl fondamantal epi fòmasyon pou jèn nan diferan metye.

Share:

Leave a reply