Nan yon kominike ke li mete deyò, Òganizasyon Men Nan Men Pou Pòdpè pran weekend 14-16 dawou 2026 la pou fè koze atravè yon konbit levedfon pou Meri Pòdpè a

66
0
Share:
TRiboLAND

08/14/2026

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li fè sòti, alatèt Òganizasyon Men Na Men Pou Pòdpè, Louis Evans Arné mete deyò, enfòme piblik la ke weekend 14 -16 dawou, 2026, konsakre pou pote kole ou bay vil Pòdpè jarèt.

Konsa, òganizasyon Men Nan Men Pou Pòdpè, ki rete kwè nan dans site Kapwa Lamò a ap danse, se plis ke yon agoni; fas ak tout kalite defi majè sa yo, se pitit depatman Nòdwès peyi a ki pou pran desten li an men. Kidonk, se avèk men nan men nap fini abòde e poze yon bònn gouvènans kolektiv nan rejyon an.
Antouka, Men nan Men pou Pòdpè ki nan dyaspora deja demare ak 3 gwo jounen sòlòkòtò ki pral fasilite tout pitit depatman Nòdwès peyi a patisipe nan leve fon pou bay minisipalite komin Pòdpè jarèt ekonomik pou objektif netwaye vil Pòdpè ki an boulatcha ak fatra.

Yon gwo match foutbòl inedi prevwa jodi 14 Out 2026 : Real Hope Academy Okap vs All Pòdpèè nan Pak Kapwa Lamò. Yon aksyon konsète ant Men nan Men pou Pòdpè ak Lig Foutbòl Pòdpè, ki pa yon antite kap fè foulay depi yon bon bout tan.

Demen 15 Out 2026 lan : Yon “Jounen Netwayaj atravè yon trezò kache”, tout katye nan vil la ak pwim pou katye ki ap pi pwòp la, sou demand Men nan Men pou Pòdpè.

Dimanch 16 Out 2026, Jounen donasyon ou levedfon ak aktivite kiltirel sou Plas Dam (devan Katedral) la, kote menm pòv genyen devwa pou pote kole nan yon parèy mouvman kap senbolize yon konsyans kolektif, pou se grès konchon an, ki dwe kwit kochon an. Koutwazi Men nan Men pou Pòdè.

Tout sitwayen ki twouve yo nan Nòdwès peyi a, dwe bay kontribisyon yo nan kad epole Mèri Pòdpè a ki alagoni.

Li se yon enperatif pou tout moun tankou : politisyen, pastè, prèt, vodouyizan, timoun ou granmoun, rich ou pòv, elèv lekòl, inivèsitè, enfliyansè, andikape, chomè ak tout sa yo ki toujou vle vann yon pibèl imaj Nòdwès, kontribye ; se yon veritab pote boure li ye Tonton! An avan Pòdpè!

Nap raple, Jean Claude Lazarre, yon pitit Pòdpè kap viv deyò peyi a, idantifye kòm asistan kòdonatè Men Nan Men pou Pòdpè ki te anvizyone 3 gwo jounen aktivite sila yo.

Share:

Leave a reply