Dèy nan kominote jeremyènn lan : ansyen prezidan asosyasyon kazèk yo nan Grandans lage yon kite sa!

88
0
Share:
TRiboLAND

07- 09- 2026

Jeremi- Ayiti (TRiboLAND) Lanmò sibit ansyen prezidan asosyasyon kazèk yo pou depatman Grandans lan, Jocelyn Jacquet, ki se egalman yon òm dafè nan vil Jeremi, sipwann anpil moun nan kominote jeremyènn lan. Daprè temwayaj anpil moun, defen an pat malad kouche lopital, sèlman li te santi dèyè kou’l ap fèl mal, e rapidman fanmiy lan te fè tout sa ki posib pou te transpòte li nan lopital Kanapevè nan Potopwens, e se la a yo apwann piblik la lanmò Jocelyn Jacquet.

Sa pa genyen lontan depi ke ansyen kazèk 2èm seksyon kominal Léon an, komin Jeremi ou prezidan asosyasyon kazèk yo pou depatman Grandans, te jwenn arestasyon li atravè sèvis depatmantal polis jidisyè Grandans lan (SDPJ) sou akizasyon ke li genyen rapò ak chèf gang Vilaj Dedye a, Izo Senk Segonn; konsa, kèk jou aprè otorite jistis ak lapolis nan Grandans te finn transfere l nan Potopwens. Konsa, aprè negosyasyon otorite yo nan repiblik Potopwens lan, Jocelyn Jacquet te jwenn liberasyon li ke anpil moun t’ap kesyone.

Antouka, se yon gwo kou kominote jeremyènn pran, lè ou konnen ki kantite moun ki te toujou ap jere nan bay ti demele ak bwase. Ke nanm ansyen prezidan asosyasyon kazèk yo nan Grandans repoze nan lapè etènèl!

Share:

Leave a reply