Dèyè Depo ak Dèyè Simityè Pòdpe leve kanpe pou pwòpte katye yo

82
0
Share:
TRiboLAND

07/04/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Samdi 4 jiyè 2026 la make yon lòt etap enpòtan pou rezidan zòn Dèyè Depo ak Dèyè Simityè nan vil Pòdpe. Bonè maten an, plizyè jèn ak granmoun nan kominote a te reyini pou lanse yon gwo aktivite netwayaj nan zòn nan. Se pitit katye a menm ki te pran desizyon pou yo pa rete bra kwaze devan salte ak move kondisyon anviwònman an, men pito mete tèt ansanm pou amelyore espas y ap viv ladan l lan.

Dèyè inisyativ sa a gen Valmond Hérode, anpil moun konnen sou non K-Navao, ki pran angajman pou mobilize moun yo epi ankouraje lespri solidarite ak responsablite kominotè. Travay la pa piti ditou, men sa pa dekouraje volontè yo ki deside frape fò ak mwayen yo genyen pou bay katye yo yon lòt figi.

Yon gwo kout chapo pou chak pitit zòn lan ki te chwazi mete men ansanm nan aksyon sa a, pou sila yo ki pa t wè labou kòm yon obstak men ki pito deside mete pye yo nan li pou sèvi kominote yo. Inisyativ sa a se yon egzanp ki merite ankourajman epi ki kapab enspire lòt katye pou pran menm chemen an nan batay pou yon anviwònman ki pi pwòp ak pi akeyan.

Share:

Leave a reply