Majistra Jamesky Jeanty lanse gwo apèl solidarite pou mete sou pye Bibliyotèk Minisipal Shervens Joseph la

41
0
Share:
TRiboLAND

07/04/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Youn nan ajan egzekitif Mèri Pòdpe a, Jamesky Jeanty, lanse yon apèl a solidarite bay tout sitwayen, pou kontribye nan reyalizasyon plizyè pwojè kominotè, pami yo pwojè Bibliyotèk Minisipal Shervens Joseph la. Nan yon mesaj li pibliye sou paj Facebook li, Majistra raple tout aksyon li yo chita sou prensip “Gouvènans Kominotè”, yon vizyon kote tout moun ta dwe mete men ansanm pou pote devlopman ak chanjman nan Pòdepè.

Daprè majistra a, premye etap pwojè a deja franchi paske Meri Pòdpè a achte materyèl pou mete seramik nan espas ki pral akeyi bibliyotèk la sou plas Katedral Pòdpè a, kote travay amenajman yo dwe kòmanse rapidman. Jamesky Jeanty, ki prezante tèt li kòm sitwayen angaje, operatè kiltirèl ak youn nan majistra komin nan, envite tout moun pote kontribisyon pa yo, kit se nan sipò materyèl, finansyè oswa nenpòt lòt fòm patisipasyon, pandan li pwomèt tou pwosesis la ap fèt ak transparans total.

Anpil moun deja salye inisyativ sa a ki kapab tounen yon zouti enpòtan pou edikasyon ak koyezyon sosyal pou jenerasyon k ap vini yo, plizyè moun deja pwomèt sipò yo. Sepandan, gen plizyè sitwayen ki poze kesyon sou chwa espas la, yo estime zòn lan konn gen anpil bwi e li pa toujou favorab pou fonksyònman yon bibliyotèk ki mande trankilite ak estabilite. Yo mande otorite lokal yo egzamine lòt posiblite pou jwenn yon espas ki pi adapte ak misyon yon enstitisyon konsa.

Share:

Leave a reply