Tigwav : Premye jounen egzamen 9èm ane fondamantal yo pou ane akademik 2025 – 2026 la, dewoule san gwo ensidan.

70
0
Share:
TRiboLAND

06 – 29 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Premye jounen egzamen 9èm fondamantal yo pou ane akademik 2025 – 2026 lan, dewoule san gwo ensidan pou jodi lendi 29 jen 2026 lan, nan 15 sant pou Grangwav ak Tigwav.

Nan majorite sant yo, egzamen yo te demare apati 8 tè 45 am pou jodi a. Kidonk maten an, kandida yo te konpoze nan kominikasyon kreyòl; aprèmidi a yo evalye nan edikasyon fizik ak espòtiv (EPS). Pou dewoulman premye jou egzamen an, opinyon yo pataje bò kote kandida yo. Genyen kandida ki konfime egzamen yo te reponn a nivo pweparasyon akademik selon sa yo te wè nan klas. Genyen yon lòt kategori ki deklare ke egzamen yo te konstitye yon veritab kastèt pou yo, mete sou sa, siveyan yo pat menm kite yo bouje.

Li enpòtan pou’w konnen, responsab ministè edikasyon yo, te mete aksan anpil sou danje ki genyen lè kandida yo ap itilize telefòn pou yo konpoze. Nan sans sa a, siveyan ki te genyen bonjan sans responsablite nan 4 sant ke TRiboLAND te vizite yo, te arive poze lapat sou 69 telefòn pèlen tèt, e majorite pòtab sila yo te telefòn entèlijan.

Share:

Leave a reply