Direktè depatmantal (BSAP) Nòdès peyi a, jwen arestasyon li nan ankèt sou asasinay chef operasyonel kanal la, Codio Esthène

169
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Direktè depatmantal Brigade de Sécurité des Airs Protégés (BSAP) nan Nòdès peyi a, Jacques Julmiste jwen arestasyon li jodi dimanch 28 jen 2026 la nan Wanament. Fòs lòd yo arrive fouke poulen an, nan kad ankèt kap miltipliye aprè zak asasinay ki fèt sou chef operasyon BASAP la, Codio Esthène nan lanwit samdi 27 jen 2026 la.

Jacques Julmiste, ki trouve li konnya nan gadavi nan komisarya Wanament lan, ap subi gwo entèwogasyon sou sa ke li konnen sou zak asasinay chef operasyon BSAP la, Codio ki te nan yon gro diskisyon avèk li nan jounen vandredi 26 jen an, yon gwo deblozaj ki ta menm enplike Julmiste nan konplotaj ak demobilizasyon mouvman “Kanal la Pap Kanpe” la an favè vwazen dominiken yo.

Selon enfòmasyon, Julmiste ta sanble pat arrive konvenk Esthène ki ta detèmine pou li pa trayi peyi li; li te menm menase pou retire pòs operasyonèl kanal la anba menm viktim lan. Selon enfòmasyon kap fè choutoufe sou rezo sosyàl yo, Julmiste ta menm pwofetize sou disparisyon Esthene nan moman diskisyon yo, kote li ta deklare l’ap fè’l rete. Julmiste te menm deside degrade Osthene nan nivo “ajan”, ki aprè deside minimize ou konteste piblikman yon parèy dispozitif otoritè. Tout sa yo ta pral anvlimen sitiyasyon an!

Antouka, jan sa te pwofetize, chèf operasyonèl nan bwigad kap sekirize e pwoteje anviwonman kanal la nan Wanament, senbòl rezistans mouvman “Kanal la Pap Kanpe” an, ta pwal resevwa yon lapli kout katouch anba men moun ki pa idantifyab, samdi swa 27 jen 2026, vè 10:00pm devan lakay li. Malgre bwas ak mannèv pou transpòte li lopital, Codio mouri tèt nèg sou kabann lopital, yon disparisyon bwit sou kou ki kite foustrasyon, kolè, ak yon gou amè nan mitan popilasyon Wanament lan ki deja ap klewonnen jistis pou Clodio ke yo te estime ki tap defann yon koz nòb; yon sitwayen ki genyen konviksyon patriyotik ki djanm ke oken sangwen vandèt peyi pa kapab achte. Ke nanm li repoze nan lapè e ke espwi li vizite san souf malfektè ki retire lavi li a!

Li enpòtan pou ou konnen, se pa premye moun ki mouri pou koz kanal la; yo pèdi lavi yo pou yon koz jis, men nan yon kondisyon ki dwòl. Kidonk, fas ak yon seri sikonstans sispèk, otorite lajistis yo genyen pou devwa sou tout lanmò sila yo ki kreye anpil dout nan mitan popilasyon an.

Share:

Leave a reply