Jiridiksyon Tigwav : 8 isye esplwatan prete sèman nan sal dodyans TPI la

66
0
Share:
TRiboLAND

06 – 27 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) 8 isye esplwatan prete sèman nan tribinal premye enstans jiridiksyon Tigwav la, jounen samdi 27 jen 2026 lan, ozanviwon 1è konsa. Yon seremoni ki dewoule an prezans divès otorite nan sistèm jidisyè a, dwayen, sibtiti komisè, avoka, grefye, fanmiy ak zanmi isye yo.

Se jij dwayen Jean Mainviel ki pwosede ak prestasyon sèman 8 isye sila yo. Nan diskou li, li ankouraje isye yo pou yo pa tonbe nan vòlò ou dwat long epi fè travay yo jan lalwa egzije sa.

Jacky Romilus, Woodson Pierre Louis, Francis Cyril, Elio Louissaint, Marcel Pierre, Stanley Mode, William Désilus ak Clotaire Saincila, se non isye sa yo ki prete sèman devan la nasyon pou yo al sèvi peyi a.

Toutfwa, dezòmè 8 isye sa yo, pral mete yo disponib pou tribinal yo, pou avoka yo ak jistisyab pou sinyifye ak jistifye egzekisyon lajistis.

Share:

Leave a reply