TRiboLAND ouvri pòt opòtinite pou jèn yo ak yon fòmasyon gratis sou transfòmasyon mango nan Boden

06/24/2026
Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt patwonal Notre-Dame du Perpétuel Secours, Fondasyon TRiboLAND, ki gen nan tèt li Mesye Louis Louissaint, òganize jodi mèkredi 24 jen 2026 lan, yon fòmasyon gratis nan lokal Lekòl NDPS nan zòn Boden. Nan kad aktivite sila, patisipan yo pat genyen pou peye yon goud Lesko pou absoliman nada.
Seyans yo te kòmanse vè 9è nan maten pou rive 3è nan aprèmidi, avèk objektif pou ede jèn yo devlope konpetans pwofesyonèl epi konbat delenkans jivenil nan kominote a.
Plis pase 42 patisipan, ki te gen ladan yo jèn ansanm ak kèk granmoun aje, te fè ak prezans nan fòmasyon an ki te chita sou transfòmasyon mango an divès pwodwi tankou krèm mango, lwil pou kò ak cheve, diven mango, pomad mango, jel kapilè ak savon mango. Fòmasyon an te bay patisipan yo zouti pratik pou yo kapab antreprann epi kreye pwòp aktivite ekonomik sitou nan moman rekòt mango ki gaye atravè peyi a.
Saitisfaksyon yo pat piti nan fen fòmasyon an, anpil patisipan te eksprime remèsiman yo atravè temwayaj ak remèsiman yo te adrese bay Fondasyon TRiboLAND ak responsab li, Louis Louissaint. Enterese yo ki te benefisye pwofesyonalism fòmatè John, pat genyen mo pou yo te ekspwime egalman gratitid yo fas ak yon seri nosyon aprantisaj ki te louvri non sèlman nouvo chimen opòtinite ekonomik pou yo, men ki pral diminye delenkans jivenil ak pwostitisyon lakay jèn yo.






