Simityè Pòdpè a nan move eta : Sitwayen yo mande aksyon prese pou retabli dinyite moun yo

72
0
Share:
TRiboLAND

06/23/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayen nan vil Pòdpè lanse yon apèl bay otorite minisipal yo pou entèvni rapidman nan simityè komin nan, ki selon yo ap fonksyone nan kondisyon ki pa respekte dinyite moun, menm apre lanmò yo. Sitwayen sa yo denonse prezans fatra, zo mò ki gaye nan plizyè kote, ansanm ak yon seri lòt pwoblèm ki fè espas la pa sanble ak yon kote ki ta dwe sèvi pou onore memwa defen yo. Yo estime sitiyasyon sa a pa sèlman afekte fanmiy ki pèdi pwòch yo, men li bay tou yon move imaj sou fason kominote a konsidere moun ki ale pou tout tan.

Daprè temwayaj yo, absans wout ak bon amenajman anndan simityè a kreye anpil difikilte pandan seremoni antèman yo. Fanmiy yo souvan oblije fè fas ak kondisyon yo konsidere kòm imilyan pou akonpaye moun pa yo nan dènye demè. Sa vin pi fè mal lè yo sonje fanmiy yo kontinye peye frè inimasyon pou sèvis ki ta dwe garanti yon minimòm òganizasyon ak pwòpte. Pou anpil moun, se yon kesyon respè ak dinyite ki dwe egziste depi lè yon moun vivan rive jouk apre lanmò li.

Gwoup sitwayen an, ki di li kwè nan efò Majistra Ralph Moreau ap fè pou amelyore kondisyon lavi nan vil la, raple kèk inisyativ netwayaj ki deja lanse nan plizyè ri. Yo mande premye otorite minisipal la pou mete simityè Pòdpè a pami priyorite yo, atravè yon operasyon netwayaj, amenajman ak jesyon pi efikas. Daprè yo, amelyorasyon simityè a se pa sèlman yon kesyon enfrastrikti, men tou yon kesyon respè pou memwa moun ki disparèt yo ak konsiderasyon pou fanmi ki rete dèyè yo.

Share:

Leave a reply