Lameri nan Tigwav tanmen yon operasyon dechouke fatra nan vil la.

219
0
Share:
TRiboLAND

06 – 18 – 2026

Tigwav, Ayiti______(TRiboLAND) Nan lide pou kenbe vil la pwòp, Lameri Tigwav tanmen yon jounen operasyon dechouke fatra nan komin lan.
RI Desalin, Ri lama, Ri Louvèti, Ri Petyon, Granri, Kwa Jibile ak avni Larat, se kèk zòn Lameri deja netwaye yon fason pou amelyore kondisyon ijyèn popilasyon an. Lameri fè konnen yon lòt Tigwav posib si tout moun mete men ansanm pou kenbe vil la pwòp nan fason pa yo.

Yon lòt bò, rivyen yo ki tap pran imaj netwayàj la, pap kache kontantman yo pou pwòpte yo di lameri ap fè nan vil la. Konsa, yo fè konnen se pi gwo aksyon konsèy minisipal la poze depi yo pran tèt enstitisyon an.

Toutfwa, popilasyon an swete otorite yo nan lameri Tigwav kontinye travay nan tèt kole ak responsab TPTC yo, nan fasilite ekipman nesesè pou yon parèy operasyon pwòpte kap vize yon Tigwav “zewo dechè”.

Share:

Leave a reply